Ceci est la version créole du bulletin Haiti Recherche #1. Merci à Berthia Karen Voltaire pour la traduction. C’est opportun aussi, car le mois d’octobre, c’est le mois consacré au créole haitien. Alors, c’était important de rendre les informations partagées jusqu’ici accessibles aussi en créole, la langue maternelle du peuple haitien. Et nous pourrons faire tellement plus, si vous continuez de soutenir Haiti Recherche.
Piblikasyon syantifik
Apèsi jeneral: Twa nouvo atik syantifik atire atansyon m. M ajoute tou yon atik ki repete kèk pati nan bilten ki te pase yo konsènan pwoblèm sekirite, vyolans ak zam ansanm ak entèvansyon militè Nasyonzini ann Ayiti, pou m kapab bay kèk pèspektiv sou nouvo rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an ak pwomès fòs miltinasyonal Kenya pral dirije a.
Sou plizyè aspè nan konstriksyon lapè ak èd imanitè, e kontrèman ak sipozisyon moun abitye fè, popilasyon ayisyen an mete plis konfyans nan òganizasyon entènasyonal tankou Nasyonzini ak ONG entènasyonal pase nan òganizasyon lokal ak kominotè. Non, se pa yon erè, sa w li a se sa. Se sa yon etid resan ki pibliye nan jounal World Development revele, se chèchè nan University of Essex nan Grann Bretay ki te kondui rechèch sila ak yon ekip travayè sosyal ak etidyan gradye. Ekip sa a te fè sondaj fas a fas ak 2 335 patisipan ann Ayiti nan sezon otòn 2019. Apwòch eksperimantal yo te anplwaye a te repati patisipan yo owaza* nan twa gwoup, yo chak te reponn kesyon yo te bay owaza konsènan swa òganizasyon entènasyonal tankou Nasyonzini, swa ONG entènasyonal tankou Save the Children, Caritas, Action Aid oubyen Compassion International, swa òganizasyon lokal oswa kominotè tankou Fonkoze, Fokal, Zanmi Lasante oubyen legliz lokal yo.
Chèchè yo pa t atann sa: yo dekouvri moun yo konsidere òganizasyon entènasyonal yo kòm yon ti kras mwens ekspoze a koripsyon pase òganizasyon lokal yo oswa kominotè yo. Risk koripsyon yo konsidere tou kòm siyifikativman pi ba pou ONG entènasyonal yo. Yo menm konsidere ONG sa yo kòm plis enklizif, ki vle di pi pre enkyetid ak enterè popilasyon lokal yo pase òganizasyon lokal yo. Men òganizasyon lokal yo gen yon pi bon nòt konfyans nan sa ki gen pou wè ak enklizyon pase òganizasyon tankou ONU, ki parèt dekonekte ak bezwen reyèl popilasyon an, e se yon rezilta otè yo te antisipe. Anplis de sa, konsènan kapasite pou òganizasyon yo konplete yon pwojè alè, nan dat limit yo pwomèt yo, patisipan yo sanble gen plis konfyans nan òganizasyon lokal oswa òganizasyon kominotè yo pase nan òganizasyon entènasyonal oswa ONG. Sa etonan, paske òganizasyon etranje sa yo jeneralman gen plis resous finansye pou reyalize pwojè yo. Rezilta sa a ta ka reflete desepsyon popilasyon an fas ak sèten fo pwomès òganizasyon sa yo te fè avan sa, oswa posiblite pou òganizasyon lokal oswa kominotè, ki gen aksè ak lòt resous tankou yon bon rezo kontak ak pi gwo pwoksimite ak popilasyon an, genyen yon pi gwo chans pou yo pote pwojè yo.
Etid sa a vini nan yon kontèks kote Konsèy Sekirite Nasyonzini an fèk apwouve, lendi 2 oktòb 2023 a, yon rezolisyon ki otorize deplwaman yon fòs miltinasyonal Kenya ap gen pou dirije pou ede konbat gang ann Ayiti. San etid ki panche sou sa, nou toujou pa konnen si popilasyon an gen konfyans nan misyon sa a, ki ta dwe dire yon ane (men yo te fè nou kou sa deja, nou konnen li ka dire plis tan pase sa). Atik sa a raple nou enpòtans sondaj opinyon moun ki enplike yo genyen parapò ak fè sipozisyon sou preferans yo.
Yon nouvo piblikasyon plizyè chèchè nan Inivèsite Toronto devlope yon refleksyon enteresan sou nosyon "fwontyè" a. Chèchè sa yo fè konnen Ayisyen twouve yo bloke non sèlman nan limit yon fwontyè fizik ak lòt peyi, men tou nan yon "rejim fwontyè emisferik" ki kouvri tout kontinan Ameriken an. Rejim fwontyè sa a, ki pa vizib men ki trè reyèl, limite Ayisyen yo epi ap pouse do yo tounen, sa ki fòse moun k ap chèche azil yo pran chimen detounen, chimen danjere pou yo chape anba vyolans. Menmsi se vre lwa azil entènasyonal yo kondane nenpòt esklizyon ki baze sou ras, relijyon, nasyonalite, lefètke w manm yon gwoup patikilye, oswa ki baze sou opinyon politik, malerezman se pa sa nou wè nan ka ayisyen an . Olye de sa, nou wè, kit nan Brezil, Kolonbi, Meksik oswa Amerik di Nò, yo mete an plas yon kokennchenn rejim fwontyè, e se prejije rasyal ak neokolonyal kont Ayisyen ki enfliyanse rejim sa a. Anplis de statistik ki prezante nan tablo ki anba a sou distribisyon dyaspora a, atik chèchè Inivèsite Toronto yo mete aksan sou kijan sa difisil pou ayisyen yo jwenn estati refijye. Ant 2009 ak 2022, yon gwo kantite ayisyen te mande azil nan Amerik Latin nan:
· 43 421 nan Kolonbi,
· 7 972 nan peyi Chili,
· 169 052 nan Brezil ak,
· 35 227 nan Meksik.
Men, se sèlman 5 Ayisyen yo te akòde azil nan Brezil ak 2 575 nan Meksik, e okenn ditou nan Kolonbi oswa Chili, selon sa atik la rapòte. Sa ki te domine se sitou estati tanporè, viza imanitè ak lòt estati imigrasyon ki antre nan kad estati frajil ak ensèten yo. Pa egzanp, dapre otè yo, byenke anpil Ayisyen te mande azil nan Brezil ant 2011 ak 2015, yo te kategorize kòm "migran imanitè" olye de refijye, sa ki te limite aksè yo pou kèk pwoteksyon (kont depòtasyon, pa egzanp). Distenksyon sa a te mete ayisyen yo nan yon sitiyasyon difisil konpare ak siryen, venezyelyen ak afgan, ki te kapab jwenn estati refijye pi fasil. Egzanp sa a klèman mete aksan sou obstak diskriminatwa ayisyen yo ak sèten afriken sibsararyen* rankontre nan demann azil yo, malgre sitiyasyon imanitè konparab ak lòt pèp. Atik la ofri tou analiz pou enfòme sou sitiyasyon imigran ayisyen yo nan Kolonbi ak Meksik. Pi gwo orijinalite li se konsèp “rejim fwontyè emisferik” oswa "fwontyè rasyal" sa a ki byen kapte karaktè laj ak imateryèl la (nan nenpòt ka, pa tankou miray literal sa a ke Repiblik Dominikèn ap bati sou fwontyè ayisyen -dominiken an) nan represyon jeyografik ayisyen ak ayisyèn yo nan emisfè a.
Ayisyen , yon pèp ki kontan? rezistan? souri malgre tout rezon pou kriye? Sa ka vre, men nou p ap viv nan yon mond kote tout bagay nwa oswa blan. Pafwa yon bagay ka vre, epi kontrè li a vre tou. Yon etid fenk bay yon dènye kout pye nan yon gwo mit, manti ki ta fè konprann ayisyen pa janm deprime oswa ayisyen pa gen tan pou yo reflechi sou suisid la. Apati yon sondaj ki te fèt pami 673 moun ki abite Site Solèy nan premye mwatye ane 2021 an, otè rechèch sa a te dekouvri ke 65.3% nan patisipan yo te gen lide swisid. Sa pa vle di ke yo pral fè aksyon, sa klè. Men sa kanmèm enkyetan. Ta sanble ayisyen ki gen lide suisid se pi souvan, an reyalite, yon ayisyèn li ye, yo jwenn fanm yo te gen de fwa plis chans pou rapòte lide suisid . Rechèch la tou remake predominans lide suisid te pi wo nan mitan patisipan yo ki te sibi chòk lè yo te timoun yo. Sepandan, etid la gen limit, an patikilye posiblite pou seleksyon an te gen patipri, puiske metòd la pa t konsidere yon echantiyon ki fèt pa aza. Nou dwe note tou konsèp lide suisid pa fasil pou defini . Definisyon l ak fonksyonman l pa toujou akòde.
Nan seksyon sa a, mwen revize, byen rapid, fich enfòmasyon ki te pibliye deja nan yon lòt bilten, ki ofri analiz apwofondi sou dinamik gang ann Ayiti, ansanm ak efò nasyonal ak entènasyonal pou kontrekare yo. Tout ansyen bilten mwen yo (ki genyen 136 paj total) yo aksesib pou abone ki peye yo ( klike la a ), men m ap ofri tout moun, touswit, yon post detaye ki pran ak adapte yon bilten espesyal mwen te prepare an avril 2022 sou vyolans ame ann Ayiti. Fichye enfòmasyon yo bay bon jan ekleraj pandan yon fòs miltinasyonal Kenya pral dirije (Kanada li menm te demontre mank lidèchip ak sansiblite li nan kriz ayisyen an) prepare pou entèvni ann Ayiti. Entèvansyon sa a sanble sou kèk pwen ak misyon Nasyonzini an MINUSTAH, menmsi yo pa rekonèt entèvansyon an ofisyèlman kòm yon misyon Nasyonzini. Travay yo prezante nan biyè la bay kle lekti esansyèl pou konprann ak pare defi nan lavni epi evite erè ki te pase yo. Yo eksplore istwa gang ann Ayiti, tranzisyon yo wè ki soti nan vyolans politik tonbe nan vyolans kriminèl, entèraksyon ant gang ak aktè imanitè yo, ak leson yo aprann nan efò MINUSTAH te fè pou konbat gang ant ane 2004 ak 2007. Epi endirèkteman, mwen mansyone tou pwoblèm orijin minisyon ak zam ki nan men gang yo . Rechèch biyè sa kouvri egzamine estrateji yo te adopte pou konbat gang, mete aksan sou nesesite pou yon apwòch entegre ki ale pi lwen pase metòd tradisyonèl yo epi ki enplike gouvènans sekirite altènatif. Analiz sa yo mete aksan sou enpòtans pou abòde pwoblèm gang ann Ayiti nan yon apwòch total kapital, pandan l ap pran an konsiderasyon aktè politik ak ekonomik, entèvansyon entènasyonal yo, ansanm ak enpak katastwòf natirèl yo, tankou tranbleman tè 2010 la, sou dinamik vyolans gang yo ann Ayiti (pa egzanp, liberasyon 700 manm gang apre yo fin kraze prizon yo pandan tranblemanntè a te ede nan retou gang ann Ayiti). Mwen envite w klike sou lyen sa pou w jwenn aksè ak biyè a.
Travay akademik ak enstitisyonèl
Apèsi : Yo te pibliye yon tèz doktora sou matènite adolesan ak plizyè rapò òganizasyon referans yo.
Mwen te grandi nan yon anviwonman an Ayiti kote mwen te wè anpil adolesan vin ansent. Nan yon tan pa twò lontan pase sa, sa otomatikman te vle di pou ti fi sa yo, yo ta pral oblije marye. Konbyen lavi ki gaspiye konsa? Matènite adolesan rete yon fenomèn mangonmen ann Ayiti. Yon tèz doktora 337 paj David Jean Simon nan Inivèsite Panthéon-Sorbonne e ki te pibliye nan kòmansman ane a te konsakre l nèt ak kesyon sa a. Mwen li 337 paj yo, sa nou aprann yo bay espwa pandan yo kanmèm grav. Se yon tèz sosyoloji solid, li melanje ni apwòch kantitatif ni kalitatif. Li sèvi ak done ki soti nan senk sondaj demografik ak sante ki te fèt ant 1994 ak 2017 ak yon sondaj kalitatif ki te fèt an 2020. Otè a kòmanse fè remake anvan ane 1960 yo, nan prèske tout peyi nan mond lan, akouche pandan adolesans yo te yon bagay nòmal. Fòk nou di tou, esperans lavi te ba nan epòk la. Aprè sa a, yon chanjman nan pèsepsyon yo te kòmanse nan peyi devlope yo epi gaye nan lòt peyi yo. Konferans Entènasyonal sou Popilasyon ak Devlopman (CIPD an franse) ane 1994 la se te yon gwo moman: 179 peyi te rekonèt adolesan tifi yo se yon gwoup riske akòz frajilite sosyal ak ekonomik yo, feblès fizyolojik yo ak move aksè ak planin familyal. Peyi sa yo pran angajman pou mete ann aplikasyon pwogram pou limite fètilite adolesan ak satisfè bezwen sante seksyèl ak repwodiktif yo. An Ayiti, dènyèman, puiske pa gen ase pwogrè - malgre anpil efò ak plizyè kanpay, yo te rekòmande gouvènman ayisyen an ranfòse estrateji ak pwogram sante repwodiktif li yo. Epi se la tèz sa a enpòtan, paske li pèmèt nou pa kouri san gade dèyè sou fenomèn nan san nou pa menm konprann li nèt. Li se yon lekti trè divèsifye tou. Pa egzanp, nou dekouvri pèspektiv trè diferan sou sa yon adolesan ye (kidonk pami sèten pèp nan Afrik Lwès, Simon ekri, “toutan ansyen yo pa rekonèt yon moun ki pi piti tankou yon granmoun, kèlkilanswa laj li, li se yon "timoun" oswa "adolesan" sosyalman ak kiltirèlman, sa ki ka lakoz anpil fristrasyon). Konsènan Ayiti, piblikasyon an rapòte kèk transfòmasyon enteresan, sitou diminisyon maryaj, ogmantasyon seliba ak lefèt gen plis adolesan tifi ki gen aksè ak edikasyon. Sepandan, pwogrè yo lan sou lòt aspè, menm gen yon bak ki fèt sou kèk pwen, tankou nan aksè ak kouran. Anplis de sa, tifi ak fanm ayisyen yo pa gen bon kontwòl sou sik ovilasyon yo. An gwo, san lide rezime, sa a se yon tèz pou w li si w enterese fè yon bon pòtrè evolisyon fenomèn nan ann Ayiti.
Pi resan evalyasyon sou jan Bank Mondyal pou Ayiti montre inegalite yo ogmante an spesyalman nan 4 domèn:
Inegalite nan mache travay la, ak obstak ak opòtinite ki diferan pou fanm yo
Eka jan nan anviwònman legal ak regilasyon
Konpòtman ki riske ak konsekans dezekilibre ki baze sou jan.
Frajilite ki gen rapò ak jan apre katastwòf natirèl yo.
Zèb la pa toujou vèt sou bò gason yo nonplis. Nou konstate, pa egzanp, gason ayisyen (62 kont 66 an) gen yon lavi ki pi kout, yo plis fasil pou gen konpòtman riske tankou alkòl ak tabak, epi yo gen plis tandans fè vyolans ak suisid. Anplis de sa, "24 pousan nan ti gason yo te rachitik, konpare ak 20 pousan nan tifi an Ayiti."
Genyen tou kèk mwatye-bon nouvèl, spesyalman nan edikasyon. Kidonk, nou aprann :
Diferans jan (sèks) yo nan enskripsyon yo te diminye oswa chavire nan nivo segondè ak siperyè, men pa nan nivo lekòl primè. Pami ti pwopòsyon ayisyen ki gen laj 15-24 ki fè edikasyon siperyè, gen plis tifi pase ti gason nan zòn riral yo. Men, ti gason yo gen yon pi gwo pousantaj prezans nan lekòl pase tifi nan lekòl primè nan zòn riral yo ak ti gason nan zòn iben yo gen yon pi gwo pousantaj ki fini edikasyon siperyè yo. Gason ki granmoun gen plis chans pou yo te ale oswa fini lekòl segondè ak kolèj. (Bank Mondyal, 2023)
Ou ka konsilte rezime rapò a isit la (39 paj).
Depi mitan mwa septanm nan, fwontyè ayisyen -dominiken an fèmen nan yon seri tansyon ant 2 peyi yo alantou eksplwatasyon rivyè Masak la. Biwo Kowòdinasyon Afè Imanitè Nasyonzini pibliye yon nòt nan fen mwa septanm nan sou potansyèl enpak negatif desizyon prezidan dominiken an pran nan domèn sa yo: diminisyon disponiblite medikaman, sekirite migran yo, pwoteksyon timoun yo, ak konsekans ekonomik yo.
Humans Righs Watch (HRW) te pibliye yon rapò 118 paj trè detaye nan mwa Out 2023 sou evolisyon ensekirite ak gang ann Ayiti (si kè w sansib evite li l, istwa yo se piman bouk). Nan rapò a, yo fè referans tou ak yon lòt rapò UNODC te pibliye avan sa ki bay enfòmasyon entèresan sou zam ilegal ann Ayiti. Men yon ekstrè nan rapò HRW la ki pale sou sa:
Ayiti pa ofisyèlman fabrike zam afe ni minisyon epi tout zam nan peyi a se enpòte soti nan lòt peyi, legalman oswa ilegalman. An 1994, Lèzetazini te enpoze yon anbago pasyèl sou zam an Ayiti, ak yon esepsyon sou chajman zam ak lòt ekipman defans bay Polis Nasyonal Dayiti ak Nasyonzini, ki dwe apwouve nan Depatman Defans Eta Ameriken.
Daprè yon rapò UNODC 2023, pa genyen estatistik ofisyèl sou kantite oswa kalite zam afe k ap sikile ann Ayiti. Sepandan majorite zam nan sikilasyon yo vini ilegalman nan men dilè san otorizasyon epi yo pa deklare yo bay otorite ladwàn yo. Yo kwè zam yo soti prensipalman nan peyi Etazini, spesyalman nan pò sid Florid yo, atravè rezo dyaspora ak koutye ki fè yo antre nan peyi a sou lanmè, tè ak lè, yo kache nan resipyan pwodui manje fre ak jele, ekipman elektwonik, rad, oswa menm nan kòk bato, yo pwofite jan li fasil pou penetre fwontyè Ayiti a, spesyalman atravè Repiblik Dominikèn.
Daprè UNODC, gwoup kriminèl ayisyen yo ap chèche fizi atak militè. UNODC te idantifye seri fizi AR-15 (M-16, M-14, M-4), fizi tip kalachnikòv (AK-47, Tip-65, Galil), mitrayèt tip Negev, revòlvè 9mm ak pistolè semi-otomatik yo te itilize nan afwontman ant gwoup kriminèl yo nan Site Solèy an 2022. Depatman Sekirite Enteryè Ameriken an (DHS) te rapòte trafik zam ann Ayiti te gen ladann zam ki pi lou ak pi puisan a chak fwa, tankou fizi tirè pwofesyonèl kalib 50, fizi kalib 308, ak mitrayèt ki gen bann-chajè.
Ofisyèl gouvènman ayisyen yo te di Human Rights Watch pifò nan sa yo te sezi yo se te fizi atak, pistolè, ak minisyon. Depi 2021, ajan ladwàn ayisyen yo, polis ayisyen yo ak lòt ajans yo te sezi prèske 800 zam afe, sitou nan depatman Lwès la, dapre chif lapolis Ayiti. (HRW)
Travay jounalis (Rapò)
Apèsi: Plizyè jounalis ak magazin pou w suiv, yon ankèt sou espyonaj dominiken an Ayiti.
Mwen te pale deja sou bon travay :
nan pou kenbe nou enfòme sou sa k ap pase ak bèl imaj pou apiye yo. Ekip li a montre nou move kote a men tou sa ki toujou bèl, kiltirèl ak enspiran nan peyi sa a. Chak semèn, yo pibliye yon bilten ki bay dènye nouvèl yo, tankou mach medam ayisyèn yo 28 septanm ki sot pase a pou mande dekriminalizasyon avòtman ann Ayiti (san dout nou pral retounen sou sa nan semèn k ap vini yo), zafè kanal irigasyon an pre fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan, ak lòt dosye ankò.Genyen tou
ki pibliye bon bilten (an angle) sou aktyalite. Sa yo se de sous mwen yo sou Substack pou enfòmasyon sou aktyalite ann Ayiti. Se poutèt sa mwen rekòmande yo anpil.Yon ankèt Enquet'Action pibliye, yon medya ayisyen ki spesyalize nan envestigasyon ak ankèt, fè konnen Repiblik Dominikèn ta sanble te gentan okouran yo ta pral asasinen prezidan Jovenel Moise 7 jiyè 2021. Malerezman, enfòmasyon sa yo baze sou yon sèl sous, Frantz Thermilus , yon enspektè nan Polis Nasyonal Dayiti. Li fè konnen Dominiken yo te okouran asasina Moïse la ta pral rive, daprè kontak li te genyen nan Repiblik Dominikèn.
"Wi, Dominiken yo te konnen yo ta pral touye Prezidan Jovenel Moïse. Mwen pa bezwen bay detay, men mwen - ansyen direktè entèlijans - di nou Dominiken yo te konnen yo pral touye prezidan an. OKE! Yon jou si nou vle fè yon bagay serye - m ap konfye yo tout bagay . " Frantz Thermilus nan Enquet'Action .
Repiblik Dominikèn, atravè Depatman Envestigasyon Nasyonal li (DNI) ak lòt ajans, ta fè aktivite ransèyman ann Ayiti (oswa espyone Ayiti, pou di sa pi senp), spesyalman nan zafè politik, ekonomik, sekirite ak agrikòl. Yon ensidan ki mansyone nan atik la revele prezans aktif ajan DNI ann Ayiti, sa ki montre enterè Repiblik Dominikèn kontinye genyen nan zafè Ayiti. Sondaj la tou mete aksan sou yon diferans teknolojik ant de nasyon yo nan sa ki gen pou wè ak ransèyman, kote Repiblik Dominikèn gen yon avantaj enpòtan. Men, pandan n ap tann plis enfòmasyon, nou ta dwe pran tout bagay sa yo ak prekosyon. Sitou, nou dwe fè atansyon pou nou pa fè konklizyon nan prese. Konplo egziste, nou konn sa, men demaske yo pran tan ak disiplin.
Lòt piblikasyon ki kapab enterese n
Apèsi: Piblikasyon sa yo te enterese m, menmsi m pa t kapab prezante yo
Stevens Azima